Submit your work, meet writers and drop the ads. Become a member
Yon nouvo Papa
Yon nouvo espwa
Orevwa Pap Franswa
Ki te fè yon bon jòb, bèl bagay kòm yon Gran Klèje
Nou tout konnen ke laj pa kwè nan dinasti
Nou vini, nou ale epi nou ale tankou yon ti bo
Detanzantan, nou bezwen san nouvo
Epi natirèlman, li natirèl; Se pa yon krim
Novum papam habemus
Novum spem habemus
Nou gen yon nouvo espwa
Nou gen yon nouvo Rwa
Yon nouvo lidè pou Legliz Katolik
Ankèt la fini, eleksyon an fini, tout kontwovès fini
Sa fè plizyè dizèn ane kounye a, peson pa etènèl
Dènye Pap yo janti, sansib, intèlijan e inivèsèl
Mwen espere pontif sa a pi bon pase tout lòt anvan yo
(Fòk nou pa ri) Denye Pap la chita nan syèl la
Pou depoze epi siyen tout dokiman li yo kòm sa dwa
Kote yon dividal zanj ap chante anba tant diven yo
A mwen pa konn si ke yap bwè di ven
Mond lan jodi a plonje nan yon sitiyasyon dezastre e malveyan:
Manti, krim, koripsyon, ekspilsyon, diskriminasyon ak enpinite
Dayè, sa se yon eufemism, se diminye bagay yo
Sepandan, lemond antye anvi:
Lapè, lapè e lapè
Nou vle ke tout move rèv kaba, fini:
Enjistis, lagè, ipokrizi, rasis, entolerans ak povrete
Novum spem hablemus
Novum papam hablemus
Nou gen yon nouvo espwa
Nou gen yon nouvo Papa
Se pou Bondye beni nouvo Pontif sila, lanati ak limanite!

Dwa otè © 8 me 2025, Hébert Logerie, Tout dwa rezève.
Hébert Logerie se otè plizyè koleksyon powèm.

— The End —